Etazini - Près : Konsekans Kriz Bidjetè a sou Medya yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Daprè yon etid ki parèt Ozetazini, pwoblèm bidjè fòse sal-dè-nouvèl radyo ak televizyon tou patou nan peyi a revoke anpil repòtè epi koupe sou evennman yo abitye kouvri.

Medya sa yo mande oditè yo ak telespektatè yo ale sou entènèt la pou yo tcheke kèk sit kote yo kapab jwenn nouvèl sou sa k ap pase nan vil yo ak nan peyi a pandan lajounen an.

Pew Research Center –yon ajans rechèch endepandan ki pa nan pati pri pou okenn pati politik- pibliye, lendi 18 mas la, rapò anyèl li sou endistri nouvèl la Ozetazini -rapò ki fè konnen yon tyè nan moun ajans la poze kesyon yo sispann sèvi ak sous tradisyonèl kote yo te abitye jwenn nouvèl ak enfòmasyon, paske, daprè yo, sous sa yo sispann ofri kalte nouvèl ak enfòmasyon yo te abitye bay yo.