Rankont Aung San Suu Kyi avèk Sekretè Jeneral Ban Ki-moon

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Lidè opozisyon peyi Bimani an, Aung San Suu Kyi, rankontre avèk sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, nan New York nan kòmansman jounen vandredi 21 septanm 2012 la, pandan lap kontinye yon virewon 17 jou Ozetazini.

Militan kap defann demokrasi nan Bi mani an --ki te travay sa gen plis pase 40 tan nan katye jeneral Nasyonzini an nan New York-- retounen nan vil sa a nan kad premye visit li Ozetazini depi liberasyon n nan lane 2010 aprè li te pase plizyè lane ap viv an rezidans siveye.

Madam Suu Kyi --ki se yon Loreya Pri Nobèl Lapè e ki gen 67 tan-- okipe anpil depi li te rive sou tèritwa ameriken an: li rankontre ak Prezidan Barack Obama, ak Sekretè Deta Hillary Clinton, epitou li resevwa meday dò Kongrè Lèzetazini an nan yon seremoni ki te dewoule nan lokal palman ameriken an –kidonk, Kongrè a.