Pap Benoit 16 Mete Fen nan Yon Vizit nan Peyi Liban

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Pap Benoit 16, ki mete fen, dimanch 16 septanm nan, nan yon vizit li t ap fè nan peyi Liban, ankouraje kretyen nan Mwayen Oryan an pou yo tounen pasifikatè pou mete fen nan sa Souvren Pontif la rele <yon kòtèj lanmò ak destriksyon> ki deranje ritm nòmal lavi a nan rejyon an.

Souvren pontif la, ki gen 85 kan, pale nan jounen dimanch la anba yon gwo chalè nan yon mès an plen-èr li chante nan Beyrout, kapital Liban, nan yon lokal ki bay sou Lanmè Mediterane a kote li ankouraje kominote entènasyonal la an jeneral ak peyi arab yo an patikilye pou yo chache jwenn yon solisyon pou mete fen nan konfli ki genyen nan peyi Siri, yon vwazen Liban.

Oganizatè lokal yo di 350 mil moun te prezan pou asiste mès sa a. Pap Benoit 16 retounen Vatikan dimanch.