Nan Kosta Rika, 2 moun mouri aprè yon gwo tranblemanntè te frape kòt pasifik peyi sa a. Sant Jeolojik Ameriken an fè konnen sant gwo soukous la, ki mezire 7 vigil 6 sou echèl Rickter la, te sitiye sou yon distans apeprè 140 kilomèt a lwès San José, kapital la peyi a.
Te gen 2 replik aprè sa. Otorite yo di youn nan 2 viktim yo sikonbe anba yon arè di kè. Gen kèk lòt moun ki al resevwa swen pou blese yo resevwa nan moman soukous la t ap sakaje zòn kote yo tap viv la. Men yo pako tabli yon chif presi pou moun ki blese yo.
Tranblemanntè sa a provoke glisman teren, li kraze kay e li detwi wout. Yon seri tranblemanntè souke Kosta Rika pandan 2 dizèn dane ki pase yo --pami yo gen 2 gwo soukous ki te pase nan ane 1991 ak 2009; yo ki te lakoz plizyè douzèn moun pèdi lavi yo.