Yon jij ris ap pwononse vèdik li vandredi sou kondanasyon 3 fi ki manm yon gwoup mizikal nan Larisi ; gwoup la tonbe anba akizasyon deske manm yo se swadizan « hooligan » ou machann dezagreman, paske yo ta pase Prezidan Vladimir Putin nan betiz pandan yo t ap chante nan yon legliz nan vil Moskou, dapre sa k di nan akizasyon yo.
Komisè gouvènman an mande yon tribinal nan vil Moskou pou 3 akize yo pase 3 zan nan prizon poutèt yo te sèvi ak lapriyè pou fè pase yon mesaj politik andedan prensipal katedral ki nan kapital Larisi a.
3 zan kondanasyon se pèn minimòm akize yo kapab resevwa; pi gwo pèn nan ta kapab dire 7 tan.