Nigeria: Yon Aksidan Avyon Pran Lavi 153 Pasaje

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Otorite yo fè konnen tout 153 pasaje ki te abò yon avyon Nigeria mouri lè aparèy la tal kraze sou yon Bilding nan Lagos.

Prezidan Goodluck Jonathan deklare 3 jou dèy ofisyèl pou viktim yo e li bay lòd pou yo mennen envestigasyon sou dezas sa a.

Otorite nan administrasyon aviyasyon sivil Nigeria a di vòl Dana Airlaines lan t ap soti Abuja pou li ale lagos dimanch 3 jen an, lè avyon an al frape yon building ki gen 2 etaj nan yon zòn rezidansyèl ki chaje ak moun e gen plizyè lòt bilding ki te pran dife.