- Gouvènman peyi Japon lanse yon pwotestasyon diplomatik aprè prezidan Larisi a, Dmitry Medvedev, debake sou yon zile ke chakenn nan 2 peyi yo reklame kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li.
- Lendi premye novanm 2010 la, misye Medvedev tounen premye lidè ris ki vizite youn nan 4 zile ki fè pati sa Larisi rele “Achepèl Kouril yo”, tandiske Japonè yo rele yo “Teritwa Nò a”.
- Mezantant la lage tansyon nan relasyon ant 2 peyi yo nan moman prezidan Medvedev ap prepare l pou l asiste yon somè ekonomik o Japon.