Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans nan Pakistan Touye o Mwen 27 Sòlda


Zak Vyolans nan Pakistan Touye o Mwen 27 Sòlda
Zak Vyolans nan Pakistan Touye o Mwen 27 Sòlda

Otorite yo fè konnen yon kamikaz lanse yon atak-suisid sou yon enstalasyon militè nan vil Mardan, ki nan pati nòdwès peyi a, kote li touye o mwen 27 sòlda.

Daprè menm sous ofisyèl la, atakan an –ki se yon jèn ki potko menm gen 20 tan-- te genyen yon inifòm lekòl sou li lè li te antre nan enstalasyon militè a epi li fè yon eksplozif ki te sou li sote.

Nan atak sa a, 40 lòt sòlda pou pi piti blese, nan moman yo t ap patisipe nan yon egzèsis woutin ki dewoule chak maten. Chèf polis rejyonal la, Zee-shan Haider, pale pou l di zòn kote ensidan an rive a, se yon zòn ki byen pwoteje, e lapolis ak lame ap mennen ankèt pou konnen ki fay ki te genyen nen sistèm sekirite a ki fè ti nonm nan te rive antre nan enstalasyon an.

XS
SM
MD
LG