Accessibility links

Breaking News

Yon Wo-Grade Lame Amerikèn Panse Gouvènman Pakistanè a ta Enplike nan Lanmò yon Jounalis


Amiral Mike Mullen (foto achiv)
Amiral Mike Mullen (foto achiv)

Pi gwo otorite nan lame amerikèn nan, kòmandan Wo Eta Majò lame a, amiral Mike Mullen, fè konnen kèk eleman nan sen gouvènman pakistanè a sanble te bay pèmisyon pou yo te touye yon jounalis nan fen mwa me 2011 la, men li pa an mezi pou l makònen otorite sèvis sekrè peyi Pakistan ak asasina sa a.

Misye Muller kontinye pou l di li poko wè anyen ki ta kontredi rapò ki fè konnen gouvènman pakistanè a te apwouve desizyon ki te mande pou yo te bat jounalis Saleem Shahzad jiskaske misye te rann dènye soupi li.

Sepandan Sèvis sekrè pakistanè a demanti pawòl ki fè konprann li ta mele nan lanmò jounalis la.

XS
SM
MD
LG