Yon tribinal nan Tayland kondane yon sitwayen ameriken pou l pase 30 mwa nan prizon paske li te ensilte fanmi Wayal peyi a, lè li te tradwi e poste sou entènèt la kèk ekstrè yon biyografi sou wa Thailand la ke yo te entèdi.
Sitwayen Etazini an ki te pran nesans nan Tayland e ki rele Joe Gordon te poste ekstrè biyografi wa a sou blòg li a sa gen 2 zan, pandan li te lakay li nan eta Kolorado nan mitan lwès Lèzetazini.
Joe Gordon se yon vandè machinn ki gen 55 kan; yo te arête l nan mwa Me ane sa a pandan li t al fè yon vizit nan Tayland.