Accessibility links

Breaking News

Yon Tretman Natirèl Pou Kansè Nan Tete


Yon Tretman Natirèl Pou Kansè Nan Tete
Yon Tretman Natirèl Pou Kansè Nan Tete

Syantifik yo idantifye yon proteyin natirèl nan tissu gland tete a ki tiye selil kansè. Dapre jounalis sante, Art Chimes, dekouvèt sa a ki fèt nan laboratwa ka louvri pòt la pou yon novo tretman kansè nan tete ak lòt tip kansè.

Travay sa a te kòmanse ak yon dekouvèt nan laboratwa ki montre lè selil kansè tete yo melanje ak matyè yo pran nan rejyon sen ak nan selil ki pa gen kansè yo, selil kansè a sispann devlope e li mouri.

Irene Kuhn k ap travay nan laboratwa Lawrence Berkley National Laboratory nan Eta Kaliforni se yon manm ekip ki te fè rechèch nan laboratwa iranyen-ameriken syantifik Mina Bissell la.

Syantifik yo jwenn 6 sibstans ki afekte selil kansè a. Sibstans k te pi pisan an se yon pwoteyin ki rele interleukin 25 (IL-25) ke selil sen (ki pa malad) nan tete a pwodui. Kuhm di lè selil sen yo sibi yon mitasyon, yo tounen yon selil timè (yon selil kaserijèn--sètadi ki genyen jèm kansè andedan yo).

Etid la te fèt sou kansè tete sèlman, men Irene Kuhgn di yo te idantifye reseptè Interleukin 25 la tou nan selil melanòm yo, sa ki fè syantifik yo kwè IL-25 lan ka petèt sèvi yon jou kòm tretman pou kansè po ak lòt kalte kansè tou.

XS
SM
MD
LG