Nan peyi Nouvè Zeland, yon gwo kokenn tranblemanntè devaste vil Christ-Church, kote li kraze plizyè gwo biwo leta, nan mitan yon jounen travay kote li touye 65 moun.
Ekip ponpye ak sekouris fè konnnen sitiyasyon an depase sa yo genyen kom materyèl ak ekipman, pandan y ap goumen pou yo ede moun ki blese epi rive jwenn sila yo ki bloke anba dekonb yo.
Otorite yo sèvi ak elikoptè pou touye dife tranblemanntè a pwovoke epi yo oblije sèvi ak gwo enstriman mekanik pou yo rive sou tèt konstriksyon ki genyen plizyè etaj kote kèk anplwaye te bloke.
Premye-Minis Joe Key –ki te kouri kite kapital-la, Wellington, pou l ale nan vil sinistre a-- pale pou l di kantite moun ki mouri yo byen kapab ogmante. Daprè sa li di : “Se petèt jounen ki pi tèrib nan tout istwa La Nouvèl Zeland."