Yon goudou-goudou ki gen yon fòs 6.2 frape toupre kot sant peyi Chili, men pa gen nouvèl tousuit sou dega oubyen moun ki ta blese.
Ajans Etazini sou Evalyasyon Jeyolojik fè konnen soukous la ki fèt aprè midi 23 janvye a, te fè santi l nan pwofondè 30 kilomèt e te santre nan distans 50 kilomèt ak pati nò vil Concepciòn, zòn ke yon kokenn tranblemanntè te devaste, sa a gen 2 zan.
Goudou-goudou 8.8 ki te fèt 27 Fevriye 2010 la te touye plis pase 500 moun e donmaje apeprè 2 milyon bilding. Dapre estimasyon otorite chilyen yo, li te koute peyi a apeprè 30 milya dola.