Accessibility links

Breaking News

Yon Tranblemanntè 7,5 Frape Rejyon Nò Pewou


Debri nan lavi vil Bagua nan Pewou apre tranbleman te a, Dimanch 28 Nov. 2021.

Yon tranblemanntè ki gen yon pwisans preliminè 7,5 sou echèl Richter la frape rejyon nò Pewou Dimanch. Gen kèk bilding ki sibi domaj, epi debri bloke wout yo.

Malgre sekous la te fò, li te frape 112 kilomèt anba tè, e sa lakoz pat gen plis domaj ak viktim.

Sekous la fèt a 5:52 nan maten (1052 GMT), episant la te santre nan rejyon Amazon nan ak yon distans 42 kilomèt o nò-nòdwès vil Barranca.

Sèvis Jeyoloji Etazini an, USGS, deklare li te gen yon magnitid 7,5.

XS
SM
MD
LG