Management Sciences for Health, (MSH) yon òganism prive ki pa la pou fè benefis ap travay nan domèn sante piblik pou ranfòse jesyon swen sante e amelyore aksè nan swen sante òganize 24 jen an yon telekonferans nan Washington, DC
Tèm telekonferans sa a se "defi ak reyisit sistèm sante nasyonal Sid Soudan, Afghanistan ak Ayiti". Administratè adjwen USAID a (Ajans Amerikèn Pou Devlopman Entènasyonal) Donald Steinberg, Direktè pwojè transfòmasyon sante nan Soudan an, visprezidan Centre MSH pou sèvis sante, Dr. Diana Silimperi ,nan Arlington Virjini, te reponn prezan nan rankont lan.
Misye Steinberg di :"Ekspè devlopman yo dwe tabli yon ekilib ant nesesite a kou tèm kominote a risk yo ak egzijans developman dirab alontèm yo. Li di youn nan kote ki montre sa klè se Ayiti kote genyen yon pwogram sante plizyè santèn milye dola pou bati kèk bon jan enstalasyon sanitè. E pwogram sa a ap fonksyonen depi sezon otòn ane pase.
"Nou dwe rekonsakre resous yo pou nou ka atake pwoblèm sa yo. Anfèt, nou depanse 62 milyon dola otòn pase a paske epidemi kolera a tonbe nan kategori priyorite yo. Kèk fwa, resous sa yo sòti nan lajan ki konsakre pou pwogram lasante e kesyon an se kijan ou pral ekilibre 2 pwogram sa yo. Sètènman, sa n ap eseye fè se fè fas yon fason dirab ak pwoblèm kolera a, na p bati yon seri klinik sante gras fon Pepfar ki egziste kounye a. Y ap chache, an tèm chanjman, amelyore sistèm dlo ak sistèm sanitasyon, kreye pwojè edikasyon pou enfòme moun sou tout maladi dlo bay yo. Nou dwe rekonèt genyen boukantaj ki fèt lè majorite depans nou yo akòz sitiyasyon sa a te ale nan tretman tankou founi ti sache reyidratasyon, bagay yo pa konsidere kòm aktivite dirab alon tèm »
Dr. John Rumunu, direktè pwogram transfomasyon sante nan Soudan an te ensiste sou sistèm sante peyi afriken sa a ki fèb anpil akoz 22 zan gè sivil.
Dr. Rumunu di yon peyi ki sòt viv 22 zan gè sivil, se yon peyi ki gen yon sistèm sante fèb anpil kote preske pa gen aksè a swen sante. Se selman 25 a 30 pousan moun ki benefisye swen sante; pa egzanp, to mòtalite kay medam ki nan laj pou yo fè pitit yo rive nan 2 mil 54 pou 100 mil.
Sa vle di si nan yon katye ou gen 50 fi ki nan laj fè pitit si yo tout tonbe ansent youn nan yo ap mouri kan mènm pandan gwosès la ou pandan akouchman an.
To mòtalite lakay timoun, daprè yon rapò konjwen ki te pibliye nan lan 2000 te 250 sou mil. Sa vle di si ou jwen 5 timoun ki gen mwenske 5 kan, youn nan yo ap mouri anvan yo rive nan laj 5 kan. Pwogram transfòmasyon sante USAID finanse, yon pwogram MSH ap dirije, an kolaborasyon avèk deptman sante piblik, ede ogmante e founi pi bon sèvis swen sante e pèmèt pi bon aksè a swen sante.
Espesyalis yo te santre atansyon yo sou pwogrè ak aktivite yo nan Afganistan nan Soudan ak Ayiti. Yo te bay plizyè egzanp pou montre ke chak peyi ak kominote sanitè mondyal la pwofite ansèyman ak pwogram yo.
MSH gen plis pase 30 tan depi l ap travay ann Ayiti, yon peyi kote ki genyen konfli sivil, dezas natirèl. Li fè sa nan tèt-ansanm ak gouvènman ayisyen, Etazini, òganizasyon non gouvènmantal lokal e entènasyonal yo. Ministè sante piblik avèk apwi patenarya MSH bay swen sante primè pou plis 4 milyon moun.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Marie Luce Pierre.