Accessibility links

Breaking News

Lidè Ewopeyen yo ap Chèche Rezoud Kriz Ekonomik la sou Kontinan an


Chanselye alman an, Angela Merkel ak prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy
Chanselye alman an, Angela Merkel ak prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy

Lidè Ewopeyen yo pare pou yo rankontre nan Brusèl (Bèljik) pou kòmanse yon somè ki ka detèmine sò Ewo a. Gen kèk otorite ki dekri somè ewopeyen an kòm yon moman laverite pou monè kouran an ki anba syèj akoz kriz dèt kontinan an ap travèse a.

Men toutotan ouvèti rankont la ap rapwoche se konsa tou espwa a ap diminye. Chanselye alman an, Angela Merkel ak prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy lanse apèl pou mande tout 17 nasyon ki sèvi avèk Ewo a pou yo aksepte balanse bidjè yo e aplike penalite sevè sou moun k ap vyole règleman yo.

Youn nan responsab alman yo di ajans nouvèl Associated Press 25 desanm ka gen tan rive anvan yon rive jwen yon akò.


XS
SM
MD
LG