Accessibility links

Breaking News

Yon Rezime sou Diskou Prezidan Donald Trump sou Eta Nasyon an


Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap fè diskou sou eta nasyon an devan 2 chanm Kongrè reyini. Madi 4 fevriye 2020 an.
Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap fè diskou sou eta nasyon an devan 2 chanm Kongrè reyini. Madi 4 fevriye 2020 an.

Prezidan Donald Trump pran lapawòl devan 2 chanm Kongrè a madi 4 fevriye a nan yon atmosfè kote moun te kapab wè divizyon ki genyen ant Repibliken ak Demokrat yo.

Prezidan an touche anpil topik tankou imigrasyon ilegal, swen sante, ekonomi, travay li kreye pou minorite yo pandan 3 dènye ane depi l ap dirije peyi a. Prezidan an pale de plan lapè Mwayen Oryan an, pandan li di otorite Iranyen yo Etazini pare pou l remanbre ekonomi peyi a si li abandone pwogram nikleyè li a. Prezidan di gen efò k ap fèt pou sòlda ameriken yo kite Afghanistan kote y ap patisipe nan yon gè ki dire twò lontan.

Repibliken yo te ozanj pandan diskou a kote yo pa janm sispann aplodi. Demokrat yo pou pifò te trankil eksepte nan kèk sikonstans kote yo te bat bravo.

Dapre nouvèl yo sanble gen 10 depite Demokrat ki pat asiste diskou a. Diskou prezidan an te gen yon aspè emosyonèl ladann. Pa egzanp, pèsonalite radyo Rush Limbaugh ki gen yon kansè poumon nivo 4, prezidan an ba li meday Libète pandan retransmisyon diskou a.

Yon demwazèl afriken ameriken k ap grandi ak manman san papa jwenn yon bous detid pou li ale nan lekòl li prefere. Prezidan an prezante bay piblik la nwa ameriken an sa a ki sot make 100èm anivèsè l e ki te fè gwoup pilòt Tuskeegee a.

2 fè ki te atire atansyon jounalis yo se lè Prezidan Trump pat bay prezidan chanm depite a Nancy Pelosi lanmen apre li te renmèt li kopi diskou a.

Lòt la se jès prezidan chanm Depite a Nancy Pelosi fè lè l te dechire kopi diskou prezidan an. Diskou sa a pwononse yon jou avan Sena a vote swa pou kondane ou byen jwenn prezidan an pa koupab akizasyon Demokrat yo mete sou do l pou vyolasyon konstitisyon an.

Pwen kle sware a se reyinifikasyon familyal ant yon sèjan lame amerikèn nan ak madanm li plis 2 timoun. Madanm nan pat atann li t ap wè mari l pandan sware a.

XS
SM
MD
LG