Prezidan Barack Obama fè yon reyinyon jedi 29 jiyè a ak ekip sekirite nasyonal li a pou diskite sou dosye Afghanistan ak Pakistan an.
Gen 22 dirijan sivil ak militè ki te patisipe nan rankont sa a, swa an pèsòn, swa pa video-konferans. Pami yo te genyen Sekretè deta Hillary Clinton, minis defans Robert Gates, vis-prezidan Joe Biden, direktè CIA a, Leon Panetta, Konseye prezidan an pou kesyon sekirite nasyonal yo, Jeneral James Jones, kòmandan twoup L’OTAN ak twoup ameriken yo ann Afghanistan, Jeneral David Petraeus, epi anbasadè Etazini nan peyi Afghanistan ak Pakistan an.
Pòtpawòl Prezidan Obama a, Robert Gibbs, di jounalis ki te prezan nan “point de presse” Lamezon Blanch la. Mesye Obama ak konseye li yo pat kite kesyon 91 mil dokiman militè sekrè ki parèt sou entènèt la domine reyinyon an.
Msye Gibbs di, “fuit ki fèt sou sit WikiLeaks la se pa yon eleman ki te pran anpil tan nan reyinyon an. Mwen panse chak nan prensipal aktè yo, Prezidan an pa egzanp, te fè kòmantè sou risk pou sekirite operasyon yo ke piblikasyon plis pase 90-mil dokiman sekrè sa yo sou Entènèt la poze pou sòlda nou yo ak moun k ap kolabore nan efò nou met sou pye pou tabli plis sekirite nan Afghanistan ak Pakistan.”