Direktè yon panèl endepandan k ap egzamine kòz kriz nikleyè Japon an lanse apèl pou mande plis konsyantizasyon pou danje enèji nikleyè reprezante.
Yotaro Hatamura yon pwofesè retrete e yon ekspè rekoni sou erè imen te konvoke komisyon sa a nan Tokyo pou premye rankont li.
Li di enèji nikleyè gen yon pi gwo dansite enèji pase lòt sous enèji yo e se yon erè pou yo konsidere l kòm san danje.
Rankont sa a rive yon jou apre ajans règleman nikleyè Japon an te ogmante estimasyon n de kantite radyasyon ki te fwite nan premye semèn aprè domaj 3 reyaktè nikleyè yo nan izin nikleyè Fukushima a.