Accessibility links

Breaking News

Yon Pwogram Pou Anpeche Malaria Antre Sou Moun


Yon Pwogram Pou Anpeche Malaria Antre Sou Moun
Yon Pwogram Pou Anpeche Malaria Antre Sou Moun

Daprè yon nouvo rapò plizyè ekspè nan kesyon lasante nan pi gwo inivèsite amerikèn prepare ansanm ak Òganizasyon Mondyal La Sante (OMS), pwogram pou anpeche maladi malaria antre sou moun sove lavi plis pase 730 mil ti moun k ap viv nan 34 peyi afriken.

Rapò a, ki kouvri yon peryòd ki soti depi nan ane 2001 pou rive 2009, predi plizyè milyon lòt timoun kapab sove tou si finansman yo rete menm jan oubyen ogmante.

Òganizasyon Mondyal La Sante di malaria touye prèske yon milyon moun chak ane. Pifò viktim yo ap viv sou kontinan Afriken an kote sou chak 5 ti moun ki mouri, youn se viktim malarya. Daprè rapò a toujou, lajan ki sèvi pou prevansyon an pèmèt moun achte moustikè, ensektisid pou dezenfekte kay, efò pou konsève lasant sitou kay medam yo.

Ansyen anbasadè ameriken nan Tanzani, Mark Green, se yon militan ki gen lontan depi l ap ankouraje efò pou anpeche maladi malarya antre sou moun.

Mesye Green di chak fwa pwogrè fèt nan efò pou konbat malaria nan yon peyi, dirijan yo itilize lajan, kabann ak espesyalis nan domèn la sante ki genyen nan peyi sa a pou yo fè fas ak lòt defi. Dapre etid la toujou, efò pou pwoteje popilasyon an kont maladi malarya kapab ajoute jiska 30 milya dola sou ekonomi kontinan Afriken an.

Sa pa gen lontan, Òganizasyon Nasyonzini te lanse yon pwogram pou redui povrete nan lemond disi lan 2015. Pwogram nan --ki rele Objektif Devlopman Milenè a pou 2015--- gen 3 bi prensipal : 1).- diminye to mòtalite pami ti moun yo ; 2).- redwi to mòtalite pami manman pitit yo nan akouchman epi 3).- konbat maladi enfektyez yo, tankou malarya.

XS
SM
MD
LG