Accessibility links

Breaking News

Yon Premye Ekip Ekspè OEA Rive ann Ayiti


Komisyon teknik Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ki pral travay ak Konsèy Elektoral Pwovizwa a ap gen pou rekonte bilten yo nan sant tabilasyon an, kontwole pwosè vèbal yo e pwodui yon rapò bay otorite ayisyèn yo.

Misyon an ap fèt nan yon moman difisil nan mitan yon pakèt reyaksyon ostil k ap soti nan plizyè sektè nan peyi a. Pami reyaksyon yo nou jwen gwoup 12 kandida a laprezidans k ap mande anilasyon eleksyon yo.

Ansyen Premye Minis Jacques Edouard Alexis se youn nan kandida sa yo e li presize yo pa pral nan eleksyon ankò ak Prezidan Préval.

Korespondan nou Clarens Renois ak Rotchild Francois Jr. pote reyaksyon ki soti nan klas politik la sou misyon ekspè OEA yo.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repotaj sa yo.

XS
SM
MD
LG