Accessibility links

Breaking News

Yon Pon-Ayeryen Nasyonzini pou Transpòte Manje nan Rejyon Kòn Afrik la


Manje Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) voye nan rejyon kon afrik la
Manje Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) voye nan rejyon kon afrik la

Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) sipoze tanmen yon pon-ayeryen pou transpòte manje nan rejyon kòn afrik la ke lesèk finn ravaje.

Direktè PAM nan, Josette Sheeran, di Lavwadlamerik premye vòl yo, ki kòmanse bonè mèkredi 27 jiyè 2011, pran direksyon kapital somalyen an, Mogadiscio.

Genyen plis vòl ki planifye pou charye manje nan Ethiopi ak nan rejyon nò Kenya---toupre fwontyè somalyen an.

Sheeran di Ajans Nasyonzini an ap lanse apèl toupatou nan lemond anfavè plis resouss ak pèsonèl pou ede l fè fas ak kriz imanitè a.

XS
SM
MD
LG