Accessibility links

Breaking News

Yon Okès ki Gen Ladann Travayè Branch Medikal la


Sa gen prèske 60 tan depi yon gwoup doktè nan Los Anjeles, Kalifòni ki renmen mizik klasik kreye yon òkès senfoni.

Chirijyen Ivan Shulman ap dirije gwoup la ki gen plis pase 70 mizisyen. Mesye Shulman di jodi a li pi sanble yon chèf dòkès ke yon medsen.

Òkès la gen ladann doktè, enfimyè, veterinè, dantist ak lòt manm ki soti nan lòt branch medikal. Pifò manm yo jwe mizik kòm yon distraksyon olye de yon pwofesyon.

Kèk pami mizisyen yo gen konesans nan mizik. Pa ekzanp Francesca Bori, yon terapist mizikal, ap anseye nan konsèvatwa mizikal inivèsite Colburn. Direktè okès la, Ivan Shulman gen konesans nan 2 domèn.

Chirijyen an retounen nan Inivèsite pou l fè yon metriz sou fason pou l dirije yon òkès. Gen lòt pami yo ki sepleman jwe mizik akoz yo renmen mizik.

XS
SM
MD
LG