Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Taks ann Ostrali Pou Ede Peyi a Rekanpe sou Pye l


Yon Nouvo Taks ann Ostrali Pou Ede Peyi a Rekanpe sou Pye l
Yon Nouvo Taks ann Ostrali Pou Ede Peyi a Rekanpe sou Pye l

Ann Ostrali, Premye-Minis Julia Gilliar anonse Leta pral kolekte yon nouvo enpo pou l jwenn lajan ki nesesè pou peye pou travay k ap fèt pou peyi a rekanpe sou pye l apre inondasyon ki te koze gwo dega, gwo edevastasyon nan peyi a.

Obsèvatè yo di desizyon sa a reprezante yon egzamen ki pral teste estabilite ti majorite tou mens Madam Gilliar genyen nan palman ostralyen-an.

Chèf gouvènman an --ki t ap abòde kesyon an jedi 27 janvye 2011 -- fè konnen li pa gen okenn dout ke yon gwo kokenn majorite ostralyen pare pou yo pote kontribisyon yo bay efò rekontriksyon yo ki kapab koute gouvènman an plis pase 5 milya dola.

XS
SM
MD
LG