Lontan, pwopriyetè sit entèt yo te gen twa kalte sifiks yo te ka itilize pou non sit yo (domèn), pa egzanp:.com, .org oswa .gov. Men, kòmanse mwad janvye, mèt sit yo pra l kapab envante pwòp sifiks pa yo. Gen anpil gwo konpayi ki pral kreye sifiks ak non pa yo. Jeyan elektwonik Japonè, Canon, gen tan di li pra l aplike pou dwa pou l itilize non domèn ki pral fini ak .canon. Berlin, kapital peyi Almay, sanble ta deja enterese sèvi ak sifiks .berlin. Gen lòt sifiks ki pra l ede klase sit web yo pa lang, jeyografi ak endistri.
Jiskaprezan, gen 22 domèn jenerik prensipal ki anba non gTLD. .com, .org ak .info, se kèk egzanp sifiks moun ap itilize. Gen peyi tou ki titilize sifiks ki sòti nan non yo kòm domèn; egzanp: .uk (United Kingdom) pou Grann Bretay oswa .cn pou Lachin. Plizyè santèn lòt pra l parèt avèk nouvo system nan.
An plis gwo antrepriz yo, òganizayon, vil ak kominote ap depoze petisyon pou vini ak sifiks ki koresponn ak non yo.
Men, se sèten avèk 185 mil dola pou chak demann, se gwo chabrak, peyi rich, gwo konpayi ak moun ki gen repondong yo ki pra l ka aplike pou pwòp domèn "pèsonalize" yo.