Accessibility links

Breaking News

Yon Mezantant Diplomatik ant Lèzetazini ak Lajantinn


Yon Mezantant Diplomatik ant Lèzetazini ak Lajantinn
Yon Mezantant Diplomatik ant Lèzetazini ak Lajantinn

Yon mezantant diplomatik pete ant Lèzetazini ak Lajantinn poutèt Ajantinn ta fè konnen lame amerikèn ta voye pa avyon madi pase a, zam, medikaman ak lòt kalte pwovizyon san yo pat deklare yo nan ladwann peyi a.

Daprè kèk otorite nan Buenos-Aires, responsab ladwann te fouye yon avyon kago C-17 ki fè pati fòs ayeryèn Lèzetazini e yo te konfikse avyon an apre li te ateri avèk materyèl ki te genyen pou sèvi nan yon egzèsis antrènman lapolis.

Menm otorite yo ta di yo sezi materyèl sekrè ki pat sou manifest vòl avyon an, sètadi yon lis anbasad amerikèn nan nan Buenos Aires te prepare pou ladwànn pou di otorite Ajantinn yo ki materyèl, ki pwovizyon aparèy la t ap transpòte.

Gouvènman ajanten yo di li pral soumèt yon plent ofisyèl nan Washington, tandiske yon jij nan Buenos Aires egzije pou yo fè l konnen egzattemen tout sa ki te abò avyon an.

XS
SM
MD
LG