Accessibility links

Breaking News

Yon Match Pou Selebre Reyinifikasyon 2 Almay Yo


Manm ekip Almay de Lwès ki te chanpyon an 1990 la ap gen pou jwe yon match egzibisyon ak manm ansyen Almay komunis pou make 20e anivè reyinifikasyon 2 Almay yo .

Federasyon Foutbòl Alman an di rankont sa a ap dewoule nan Leizig (yon vil ansyen Almay kominis la) nan dat 20 novanm pwochen.

Pandan ke alman yo t ap selebre reyinifikasyon an nan dat 3 oktòb , 2 federasyon foubòl yo te vinn fonn fè yon sèl nan dat 21 novanm---sa gen 20 tan.

San nou pa site non , n ap di w foutbòlè ki te ranpòte Mondyal 1990 nan peyi Itali. Frantz Beckenbauer ki te fè pati ekip ki te ranpòte mondyal 1974 la , se li kap antrenè ekip Almay de lwès la .

XS
SM
MD
LG