Accessibility links

Breaking News

Yon Lyetnan-Kolonèl Enplike nan Asasina Yon Jounalis Peyi Larisi


Jounal ris Novaya Gazeta anonse arestasyon yon lyetnan-kolonèl nan polis vil Moskou a, kòmkwa li ta responsab konplo ki te fèt pou asasinen jounalis Anna Politkovskaya nan mwa d Oktòb 2006.

Non ofisye wo grade sa a se Dmitry Pavlyuchenkov. Daprè sa jounal la rapòte, an 2009 Misye Pavlyuchenkov te reponn kesyon otorite yo nan yon jijman ki gen rapò ak lanmò jounalis la.

Novaya Gazeta ekri pou l di lajistis sispèk lyetnan-kolonèl la kòm yon moun ki ta patisipe nan asasina a apre li te bay prezime asasen an yon revolvè ak yon silansye.

Lapolis te arete sispèk la nan mwa Me 2011 la. Viktim asasina a, Anna Politkovskaya, sete yon repòtè ki te resevwa anpil distenksyon ak onè-respè pou travay li; manmzèl te konn kritike gouvènman ris la, sitou politik Larisi vizavi Tchecheni.

Yo te touye l anba kout revolvè pandan li te nan asansè yon konplèks apatman nan mwa d oktòb 2006.

XS
SM
MD
LG