Òganizasyon an di andikape yo ap viv souvan nan pòvrete e nan anpil peyi yo pa jwenn bon jan edikasyon, manje, travay oubyen swen sante. Ozetazini sèlman, 50 milyon moun nan popilasyon an se andikape.
Jimmy Curran, k ap etidye finans ak ekonomi, te pran nesans ak yon pwoblèm nan kolòn vètebral li. Mesye Curran pa konsidere tèt li kòm yon andikape e li pa vle pèsonn konsidere l kòm yon andikape non plis. Rezon an Jimmy Curran bay pou sa, se pou bay lòt moun ki enganm yo okazyon pou yo apresye talan yon swadizan andikape. Jimmy te gen 1 an lè Kongrè ameriken an te vote lwa ki rekonèt dwa andikape yo an 1990. Msye di depi epòk sa a sitiyasyon an chanje totalman lè konpare bagay yo ak jan andikape yo te konn viv avan lwa sa a te egziste.
Andikape yo konpare peryòd ki te vini anvan kongrè a te adopte lwa a ak epòk kote nwa ameriken yo tap pwoteste pou yo reklame dwa pou yo vote, lojman, edikasyon ak travay sa gen 50 an. Andikape ameriken yo te sèvi ak model mouvman dwa sivik la pou yo fè pase revandikasyon yo.
Dapre lwa a, andikape yo dwe jwi menm privilèj ak moun ki swadizan nòmal yo –privilèj tankou posiblite pou yo benefisye bon kondisyon travay, lojman, mwayen pou deplase ak satisfaksyon ekonomik.
Lwa a prevwa tou pou andikape yo gen posiblite pou yo monte-desann sou twotwa yo san difikilte, antre nan yon rezidans oubyen nan yon biwo sou yon chèz woulant san pwoblèm, san bliye posiblite pou yo itilize transpò piblik alèz. E lè sa nesesè, ekriti bray la dwe sèvi pou pèmèt yon andikape avèg li yon dokiman ki gen mesaj pou piblik la.
Malgre tout ane ki pase yo, anpil andikape ameriken refize aksepte lwa a kòm yon kado. Prezidan Asosyasyon Andikape Ameriken yo, Andy Imperato, di pa gen gwo chanjman depi lwa a te antre an aplikasyon; pa ekzanp, chans egal/ego pou moun jwenn travay la poko fin tounen yon reyalite, malgre plis pase mwatye nan andikape yo ap travay.
Rezon an, dapre Jimmy Curran, se paske anpil nan andikape yo pè antre nan konkirans ki genyen sou mache travay la. Jimmy Curran gen konviksyon andikape yo ta dwe pwofite avantaj lwa a ofri yo pou yo edike tèt yo epi patisipe nan atelye travay kap ba yo plis fòmasyon. Msye Curran di lwa a ouvè tout pòt; e chak moun dwe fè efò pa li pou l benefisye de avantaj li ofri yo.