Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Atak Teworis Fèt Nan Pakistan


Yon Lòt Atak Teworis Fèt Nan Pakistan
Yon Lòt Atak Teworis Fèt Nan Pakistan

Nan Pakistan, otorite yo fè konnen nèg ame mete dife nan o mwen 20 gwo kamyon k ap transpòte materièl ak pwovizyon, tou prè fwontyè peyi a ak Afganistan.

Daprè lapolis, yon moun pou pi piti pèdi lavi li nan yon atak ki fèt sou kamyon yo.

Nan semèn ki pase yo, yon seri de atak vize kamyon k ap transpòte materyèl pou twoup militè k ap goumen ak militan Taliban yo, e pafwa konfwontasyon sa yo dewoule sou tou lè 2 bò fwontyè a.

Mesye Taliban yo reklame responsablite pou 2 nan atak sa yo.

XS
SM
MD
LG