Accessibility links

Breaking News

Yon Lòt Atak Fèt Sou Gaza


Yon Lòt Atak Fèt Sou Gaza
Yon Lòt Atak Fèt Sou Gaza

Avyon de gè izrayelyen frape plizyè sib nan Gaza byen bonè jedi 24 mas 2011 la kòm reprezay poutèt atak ak wokèt ki te fèt sou plizyè vil nan eta ebre a, nan moman tansyon ap ogmante sou premye eksplozyon mòtèl ki te vize izrayelyen yo nan Jerusalem pandan plizyè lane.

Gwoup islamis Hamas ki kontwole teritwa a di Izrayèl te atake plizyé tinèl ki bò fwontyè ejypsyen an, youn nan kan antrènman ak youn nan sant Gaza. Daprè kèk sous medikal palestinyen pa gen oken moun ki blese nan atak sa yo.

Pandanstan, otorite izrayelyen yo kontinye ap chache sispèk apré yon bonm te eklate tou pré yon estasyon otobis nan Jerusalem nan aprè-midi mèkredi 23 mas 2011 la; yon fi britanik mouri e omwen 31 lòt moun blese.

XS
SM
MD
LG