Accessibility links

Breaking News

Yon Lèt Ouvè Pou Mande Lage yon Fi Iran Kondane Pou l Mouri pa Lapidasyon


Plis ke 80 atis , akademisyen ak politisyen lanse apèl pou mande lidè iranyen yo pou yo lage yon fi ke yon kondane pou l mouri pa lapidasyon.

Nan yon lèt ouvè ki pibliye lendi 13 desanm 2010 la nan jounal Times of London, siyatè yo di Sakineh Mohammadi Ashtian soufri ase. Yo lanse apèl pou mande prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad ak lidè siprèm peyi Iran an, Ayatollah Ali Khamedi pou l libere Ashtiani avèk ni pitit gason ni an, ni avoka li a.

Pami moun ki siyen lèt sa a genyen aktè ameriken Robert Redford ak Robert De Niro, ansyen minis afè etranjè fransè, Bernard Kouchner, politisyen britanik Ed Miliband ak chantè Sting.

XS
SM
MD
LG