Depi dimanch 17 jiyè a vil Wòm, ann Itali, se syèj yon fowòm medikal sou Sida ki reyini plizyè milye òm-de-syans, chèchè ak espesyalis lasante.
2 nouvo etid ki parèt mèkredi pase a montre medikaman ki fèt pou trete VIH/SIDA a ka ede anpeche moun trape viris ki bay maladi a. Dapre etid sa yo --ke Lezetazini te patwone-- lè yon moun pran doz medikaman VIH sa a chak jou, sa diminye risk enfeksyon lakay etewoseksyèl yo, sa vle di yon gason pa ka bay yon fi li, menm jan yon fi pa ka bay yon gason li.
Yon etid ki te fèt anvan te deja montre tretman an diminye transmisyon VIH la nan mitan gason omoseksyèl yo. Nouvo rezilta sa yo se premye rezilta ki montre yon doz oral medikaman anti-retwoviral chak jou se yon tretman efikas pou etewoseksyèl yo.
Konferans vil Wòm nan pral dire 4 jou avèk patisipasyon kèk gwo responsab – pami yo genyen direktè ajans L’ONU/Sida a, Michael Sidibe.