Accessibility links

Breaking News

Yon Konferans Entènasyonal sou Afganistan ap Dewoule nan Bòn Lendi 5 Desanm 2011 la


(AP Photo/Martin Meissner)
(AP Photo/Martin Meissner)

Sa gen 10 zan, plizyè diplomat te reyini nan vil Bòn, anb Almay, pou yo nonmen yon gouvènman tranzisyon nan Afganistan. Kounyeya, nan moman sòlda entènasyonal yo ap pare pou yo kite peyi sa a nan ane 2014, plis pase 100 delege twouve yo nan vil Bòn pou yo patisipe nan yon konferans sou lavni Afganistan. Pwen santral konferans sa a, se pote chanjman ki pou fè peyi a sòti nan yon Afganistan an tranzisyon pou l tounen yon Afganistan an transfòmasyon.

Delege yo ap fè deba sou 3 pwen enpòtan: transfè responsabilite sekirite a ki nan men fòs entènasyonal yo, pou remèt yo bay fòs afghan yo, rekonsilyasyon politik avèk angajman entènasyonal a lon tèm ki ofri Afgan yo, antwòt, asistans ak antrènman.

Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, k ap patisipe nan konferans la, deklare: Lèzetazini pral rekòmanse pote kontribisyon li nan Fon pou Rekonstriksyon Afganistan an. Lèzetazini te sispann finanse fon sa a nan komansman ane 2011 la akoz iregilarite kite genyen nan Bank Kabul -yon pwoblèm ki deja jwenn yon solisyon.

Madam Clinton di:

“Lèzetazini pare pou l kanpe fèm pandan lontan bò kote pèp afgan an pou l apiye tranzisyon ki nesesè pou mentni stabilite ak kwasans nan peyi a; e, tankou Prezidan Obama te di, nou rekonèt Afgan yo, yo menm, pran angajman ke yo dwe respekte, yo pran desizyon ki difisil pou yo anbrase refòm, pran pwòp defans yo an men, e ranfòse yon demokrasi ki baze sou yon eta de dwa.”

Chèf diplomasi amerikèn nan chante lwanj prezidan Afgan an, Hamid Karzai poutèt angajman li pran pou l òganize bon jan eleksyon, avèk patisipasyon tout pati, nan ane 2014.

XS
SM
MD
LG