Accessibility links

Breaking News

Yon Komisyon Senatè Ayisyen Pral Verifye Nasyonalite Manm Nouvo Gouvènman an


Manm Sena Ayisyen ap vote
Manm Sena Ayisyen ap vote

Senatè yo te profite de seyans spesyal 28 oktòb la sou dosye arestasyon depite Arnel Belizaire, pou fòme yon komisyon spesyal 9 senatè ki pral gen pou verifye nasyonalite prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly ansanm ak kabinè ministeryèl la. Komisyon sa a gen ladan senatè John Joël Joseph, Joseph Lambert, Yvon Buissereth, Steven Benoît, Youri Latortue, Nènel Cassy, Evallière Beauplan, Dieuseul Simon Deras ak Moise Jean-Charles ki te è pwopozisyon an.

Pou montre chanm depite a solidarite l nan dosye palmantè Arnel Joseph lapolis te arete sou lòd komisè gouvènman an, sena ayisyen an adopte yon rezolisyon vandredi 28 oktòb la pou entè pele minis justis la, Josué Pierre-Louis. Prezidan chanm wot la, senatè Rudolpe Joazile fikse seyans entèpelasyon an pou jedi 3 novanm.

Senatè yo te profite de seyans spesyal 28 oktòb la sou dosye arestasyon depite Arnel Belizaire, pou fòme yon komisyon spesyal 9 senatè ki pral gen pou verifye nasyonalite prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly ansanm ak kabinè ministeryèl la. Komisyon sa a gen ladan senatè John Joël Joseph, Joseph Lambert, Yvon Buissereth, Steven Benoît, Youri Latortue, Nènel Cassy, Evallière Beauplan, Dieuseul Simon Deras ak Moise Jean-Charles ki te fè pwopozisyon an.

Komisyosn sa a pral travay nan yon kontèks kriz politik ki mete fas a fas pouvwa ekzekitif ak lejislatif la apre lapolis te finn arete depite Arnel Bélizaire nan dat 27 oktòb nan ayeropò Pòyoprens sou lòd komisyè gouvènman an, ki akize l deske li te sove nan prizon.

Senatè Dieuseul Simon Deras ki tap patisipe nan seyans spesyal la te atire atansyon komisyon an sou gwo responsabilite li pral gen pou verifye si manm gouvènman gen doub nasyonalite. Biwo sena a pral gen pou l enkete sou nasyonalite 9 manm komisyon seantè yo avan yo kòmanse travay. Senatè Andrice Riche ak Youri Latortue te fè pwopozison sa nan sousi pou evite tout polemik avek pouvwa ekzekitif la.

Plizyè senatè te deja lanse lide yon komisyon pou verifiye nasyonalite manm gouvè nman pandan seyans ratifikasyon premye minis Garry Conille. Konstitisyon ayisyè n nan pa rekonèt doub nasyonalite e li prevwa desitisyon kelke swa manm 2 pouvwa yo si yo ta dekouvri yo se sitwayen yon lòt peyi.

XS
SM
MD
LG