Accessibility links

Breaking News

Yon Koferans Pou Anviwonman an


Minis anviwonman omwen 200 peyi atravè lemond te rankontre nan fen mwa doktòb la nan vil Nagoya, peyi Japon, pou pou yo te adopte yon antant sou pwoteksyon forè ak bèt sovaj yo, sous manje, e ankouraje sektè endistri ki fabrike e distribiye medikaman ak sektè touristik la.

Pandan jou ki te vini anvan konferans la, delege yo te chache wè si yo te ka adopte yon plan an 20 pwen ki ta fikse lan 2020 kòm ane kote gouvènman yo ak sektè prive a ta pran aksyon dyanm ki nesesè pou pwoteje plant ak bèt ki anba atak polisyon, devlope sektè agrikòl la, ak aksyon ki gen rapò ak ogmantasyon popilasyon an e ak rechofman planèt la.

Craig-Hilton Taylor, manm yon gwoup ki rele “Inyon Anviwonmantal pou Konsèvasyon Lanati a”, pibliye yon rapò nan jounal “La syans” kote li di yon etid montre 1/5 nan tout vetebre ki genyen sou late menase pou yo disparèt. Jounal la pibliye tou yon lis plant ak bèt ki sou wout pou yo disparèt.

Daprè menm rapò sa a, se rejyon Azi di Sid la ki sibi pi gwo pèt la nan lemond akoz devlopman agrikilti, explwatasyon forè yo ak lachas. Lòt kote nan le mond, daprè ekspè yo, forè twopikal la nan Amerik di Sid la e nan Australi pa sispann pèdi bèt ki nan espès « anfibyen » an, akoz yon seri de champiyon mòtèl ki touye yo.

Pandan dènye jou konferans la, delege yo te fikse atansyon yo sou « biyo-divèsite » kote yo te chache elimine dezakò ki genyen ant peyi yo sou kesyon pou konnen kilès ki dwe peye pou pwoteje « biyo-divèsite » e konbyen kòb sa dwe koute.

Kèk peyi ki sou wout devlopman di depans 3 a 4 milya dola ki fèt chak ane pou lemond fè pwogrè nan domèn ki te nan mitan konferans la, se yon depans ki ta dwe miltipliye pa 100. Pandansetan, Japon ofri peyi sa yo 2 milya dola pou ede yo atenn seri objektif Nasyon Zini fikse pou lan 2020.

XS
SM
MD
LG