Accessibility links

Breaking News

Yon Juri Kondane Ghislaine Maxwell Nan Pwosè Abi Seksyèl Epstein nan


Nan desen sa a, Ghislaine Maxwell, mitan chita nan sal tribinal la pandan yap diskite sou yon mesaj jiri a voye bay jij la, Mekredi 29 Dec. 2021.
Nan desen sa a, Ghislaine Maxwell, mitan chita nan sal tribinal la pandan yap diskite sou yon mesaj jiri a voye bay jij la, Mekredi 29 Dec. 2021.

Boujwaz Britanik Ghislaine Maxwell koupab, dapre yon juri nan Nouyok. La jistis tap mennen pwosè kont li poutèt li te ede defen Jeffrey Epstein, yon nèg rich, pran tèt ti jèn fi pou yo kouche avè'l.

Desizyon an, ke yo anonse jodi Mèkredi a mete fen nan yon pwosè ki dire yon mwa kote tribinal la te tande temwayaj jèn fi osi jèn ke 14 zan sou kijan yo te eksplwate yo seksyèlman.

Manm jiri a te fè deba pandan 5 jou konplè anvan yo te jwen Maxwell koupab de tout chèf akizasyon yo eksepte youn.

Lap fè fas ak posibilite pou'l pase dèz ane nan prizon.

Se yon konklizyon plizyè dam ki te pase ane ap goumen pou mennen Maxwell devan la jistis epi fè'l pran responsabilite pou abi yo te sibi a. Avoka Maxwell yo di yap sèvi ak mamzèl kom bouk emisè pou krim Epstein, ki te touye tèt li an 2019, te komèt yo.

XS
SM
MD
LG