Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Jij Yvickel Dabrésil Akize 9 Moun nan Asasinay Jounalis Jean Léopold Dominique


Jean L. Dominique
Jean L. Dominique
Yon jij nan peyi Dayiti, Yvickel Dabrésil, akize ofisyèlman 9 moun--pami yo gen kèk pwòch asosye ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide--nan asasinay defen pwopriyetè e direktè Radio Haïti Inter a, jounalis Jean Léopold Dominique. Misye Dominique te pèdi lavi li anba bal enkoni 3 avril ane 2000, sa gen preske 14 lane.

Jij Dabrésil pa akize misye Aristide nan rapò li a, men pami 9 akize yo genyen yon ansyen senatè pati politik " Lafanmi Lavalas"--pati ansyen prezidan an

Nèg ak zam te tire e tiye jounalis Jean L. Dominique--ki pat konn mete dlo nan bouch li pou l denonse sa k pap mache byen ou pap mache kòmsadwa nan peyi li--ak yon gadyen radyo a, Jean-Claude Louissaint nan lakou estasyon an, nan Delmas, yon katye rezidansyèl nan kapital la, Pòtoprens.

Depi dat sa a gen omwen 7 jij ki pase sou dosye a anvan enkilpasyon vandredi 17 janvye 2014 la.

Koute sou ikòn ki agoch atik sa a, anba tit "Multimedia" a, grefyèz Juliette Garçon Véus ap anonse akizasyon yo.


XS
SM
MD
LG