Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Bloke yon Lwa sou Imigrasyon nan Eta Utha Ozetazini


Nan yon pwotestasyon nan eta arizona, pwotestè yo mande yon zòn ki pa gen depòtasyon
Nan yon pwotestasyon nan eta arizona, pwotestè yo mande yon zòn ki pa gen depòtasyon

Yon jij federal ameriken bloke efò Eta Utah tap fè pou l aplike yon lwa sou imigrasyon ki t ap trè di pou etranje ki ilegal nan peyi Etazini, nan moman Prezidan Barack Obama lanse apèl pou l mande yon pase-men nan sistèm imigrasyon peyi a (Utha se yon eta ki nan pati lwès Lèzetazini).

Komisè gouvènman Clark Waddoups bloke lwa a madi 10 me 2011 la kèk èdtan aprè li te fin antre ann aplikasyon, ann atandan yon desizyon lajistisa va pran pou konnen si wi ou non lwa sa a konstitisyonèl.

Lwa sa a gen ladan n yon dispozisyon ki ta pèmèt lapolis chache konnen si yon moun yo arete ap viv legalman nan peyi a. Administrasyon Obama a te deja lanse yon pwosè nan tribinal federal kont yon lwa konsa Eta Arizona --ki nan pati sidwès Lèzetazini—te vle aplike.

La Mezon Blanch di sekirite fwontyè peyi a –ki gen ladan n siveyans etranje k ap antre e k ap rete Ozetazini-- se responsablite gouvènman federal la sèlman.

XS
SM
MD
LG