Accessibility links

Breaking News

Yon Jèn Chèf Polis Peyi Meksik Mande Azil Ozetazini


Marisol Valles
Marisol Valles

Responsab imigrasyon Etazini di Marisol Valles ki se yon dam meksikèn ki gen 20 tan e ki te resevwa menas lanmò apre li te tounen chèf polis nan yon rejyon vyolans ap aravaje nan peyi Meksik, mande azil politik Ozetazini.

Otorite ameriken yo fè konnen madi 8 mas 2011 la, Miss Valles twouve l Ozetazini e li pral genyen pou l prezante ka l la devan yon jij imigrasyon. Li se ansyen chèf polis Eta Guerrero ki sou fwontyè amerikano-meksiken an.

Miss Vallles te pran vakans nan dat 2 mas pase a pou l te ka regle kèk afè pèsonèl li e li te sipoze retounen nan travay lendi 7 mas la. Men majistra vil la revoke l aprè miss Valles pat prezante nan travay san li pat bay okenn eksplikasyon pou sa.

XS
SM
MD
LG