Yon gwo seremoni dewoule nan matine vandredi 19 out 2011 la nan Pòtoprens pou make arive ofisyèl «USNS Comfort », yon bato-lopital kò lamarin Lèzetazini, nan peyi Dayiti. Arive sa a fèt ansanm ak lansman misyon imanitè bato a nan domèn asistans medikal.
Seremoni an dewoule nan tèminal Varreux a, nan Site Solèy, an prezans ofisyèl gouvènman ayisyen ak ameriken. USNS Comfort ap ranpli yon misyon imanitè 5 mwa nan kad egzèsis « Continuing Promise 2011 » Lamarin Lèzetazini. Pou rive jounen jodiya, bato a deja bay swen medikal ak asistans imanitè nan 8 peyi nan Karayib la, nan Amerik Santral ak Amerik di Sid. Pòtoprens se 9e e dènye etap misyon bato USNS Comfort la.
An kolaborasyon ak Ministè Sante Piblik ak Popilasyon peyi Dayiti, USNS Comfort ap ofri swen sante jeneral ak swen dantè pou popilasyon ayisyèn nan. Pèsonèl USNS la ap ofri tou swen medikal veterinè, kidonk swen medikal pou bèt.