Accessibility links

Breaking News

Yon Fowòm sou Dwa Fanm ak Timoun ann Ayiti


Kathie Klarreich ak Amanda Klasing
Kathie Klarreich ak Amanda Klasing

Yon sijè k ap fè gwo bwi nan peyi Dayiti se sekirite anba tant yo, pi presizeman, sekirite fanm ak timoun.

22 mwa apre tranblemanntè ki te ravaje peyi a, deba yo ap kontinye nan Washington pou wè kijan kominote entènasyonal la ka kontinye pote assistans li bay pèp ayisyen an.

Youn nan òganizasyon sa yo se “Human Rights Watch” ki te pase plizyè mwa ap envestige sitiyasyon lavi a pou medam yo depi tranblemantè a.

Nan yon fowòm ki dewoule nan Lekòl de dwa American University a nan Washington, DC, yon reprezantan Human Rights Watch te prezan pou l pale de rapò òganizasyon an pibliye sou yon envestigayon yo te mennen ann Ayiti sa pa gen lontan.

Reprezantant sa ki rele, Amanda Klasing, te akonpaye pa yon jounalis ameriken ki gen 24 tran depi l ap travay ann Ayiti, Kathie Klarreich. De medam yo te prezan nan fowòm sa kote yo te vinn temwanye sou fason y ap itilize pwofesyon yo pou met limyè sou abi dwa moun ann Ayiti.

Madam Klasing ki se yon avokat pou dwa fanm te pase plizye mwa ann ayiti kote li t al fè yon envestigasyon sou enkapasite leta ayisyen pou l pwoteje dwa fanm ak timoun apre desas 12 janvye a.

Nan kan yo, li te entevyouve plizye fanm ki te oswa viktim abi seksyèl oubyen fanm ansent ki patap resevwa bon jan tretman kòmsa dwa. Objectif rapò sa se pou dokimante vyolasyon dwa moun nan yon sitiyasyon dezas tankou tranblemanntè a. Ak rapò sa a, ya va ale devan gouvènman ameriken an pou adrese pwoblèm dwa moun k ap trakase fanmn anba tant yo.

Madam Klasing pale pou l di: “Tout moun gen dwa ak yon vi ki gen diyite”

Kathie Klarreich se yon jounalis ameriken k ap viv ann Ayiti e li kòmanse yon pwogram ki va pèmèt jounalis ayisyen yo mennen pwòp envestigasyon pa yo sou vyolasyon dwa moun ann Ayiti.

2 medam yo ap menen batay la kot a kot pou yo pote limyè sou sak pa dwa nan peyi a.

XS
SM
MD
LG