Accessibility links

Breaking News

Nouvo Figi Viktim Abi Seksyèl ann Ayiti


Foto jèn fi ann Ayiti
Foto jèn fi ann Ayiti

Prèske 2 zan aprè yon tranblemanntè ki kite ayiti an degraba, nivo zak vyòl, gwosès kay adolesan ak zak vyolans moun ap komèt kont fanm monte yon 17 wotè nan peyi a. Fanm k ap viv anba tant nan Pòtoprens tounen yon sib fasil pou gason k ap mache vyole medam yo. Medam ki viktim yo pa jwenn aksè ak swen repwodiksyon matènèl ak tretman ki ta dwe disponib pou anpeche yo vinn ansent.

Ogmantasyon moun konstate nan nivo gwosès envolontè lakay adolesan bay òganizasyon Human Rigths Watch, ki baze isit Ozetazini, yon opòtinite pou l fè yon envestigasyon sou difikilte medam yo ap travèse anba tant yo akoz vyolans seksyèl.

Nan yon rapò òganizasyon dwazimen an fèk pibliye, li mete aksan sou kèk ka ki bay chè de poul , kote fanm ak jèn fi ki genyen ant 14 ak 45 kan ap viv anba abi seksyèl nan kan yo.

Youn nan ka sa yo gen pou wè ak yon dam 25 kan ki rele Naomi, e ki vinn ansent apre yon zak vyòl. Lè l finn akouche, papa pitit la tounen vinn reklame pitit la, e lè Naomi te refize, misye te tounen anba tant la ak yon gwoup zanmi l nan entansyon pou vyole ti dam nan ankò. Naomi di li pa rapòte 2èm vyòl la paske li wont repete mo «kadejak » la yon lòt fwa ankò.

Avoka ki te alatèt ankèt sa a, Amanda Klasing, di youn nan objektif rapò sa a vize, se atire atansyon gouvènman ayisyen an ak òganizasyon non gouvènmantal yo , yon fason pou yo kapab ede medam sa yo pi fasilman ak bonjan sèvis swen sante. Oganizasyon an ap eseye pote limyè sou pwoblèm nan e ankouraje gouvènman an pou l fè plis bagay pou l asire sekirite medam yo epi mete sou pye mwayen ki nesesè pou medam yo rapòte san pèdi tan abi sekuèl kap fèt nan kan yo.

Elie Rose Fenelus ki se manman yon tifi 12 zan te sètoblije kite travay li pou l ka veye je sou pitit fi 12 zan li an : "Anvan, lèm te gen $20-$30, mwen te konn soti men kounye la fòm ret la anba tant lan pou m kapab siveye l. Mwen paka kite l."

Kontrèman ak pitit Fenelus la, gen yon pakèt jèn fi ki pa gen moun k ap siveye oubyen pwoteje yo e sa rann yo pi vilnerab. Moun konsidere gouvènman peyi Dayiti a kòm yon gouvènman ki absan, e ki lage jèn medam ak responsablite pou jere pwòp desten yo.

Pwostitisyon se youn nan altènativ medam sa yo itilize pou yo kapab siviv sou teren difisil sa a. Gislaine kouche ak gason pou yon tikras kob, yon lajan ki rete $0.60 ameriken e $1.26.

Kèk òganizasyon ki fèk ap fè sifas ann Ayiti tankou Komisyon Fanm Viktim pou Viktim (KOFAVIV) mete yon nimewo telefòn ala dispozisyon medam yo, dekwa pou ka rele e rapòte mod abi konsa. Sepandan, ti asistans sa a pa sifi. Malgre òganizasyon an bay medam yo èd psykolojik e sosyal ansanm ak apui legal, li pa fasil pou òganizasyon an retire viktim sa yo nan kan yo. Kidonk si yon fanm paka antre nan yon kay refuj, l oblije retounen nan menm kan an oswa ale vin anba yon lòt tant kote li posib pou yo pase anba menm tray ak tribilisyon an , sizoka yo ta jwenn yon plas ki disponib.

Emily Jacobi ki te bay yon kout men nan pwojè a fè konnen : "Gen twòp moun k ap soufri ak pwoblèm sa yo, e nou pa an mezi pou deplase yo tout. Nou mete Sant d apèl sa yo sou pye pou ede fanm ak ak jèn fi jwenn enfòmasyon ak sipò medikal."

Haitian Sports Foundation, se yon òganizasyon non gouvènmantal k ap itilize lat martial-karate, judo, mòd bagay sa yo pou bay fanm ak tifi opòtinite pou ogmante kapasite yo ak konfyans yo genyen nan pwòp tèt yo.

Tara Arthur ki se Kowòdonatè Pwojè Entènasyonal nan òganizasyon an di: « N ap montre jèn medam yo fason pou yo pwoteje tèt yo ak fason pou yo anpeche eklatman yon konfli gras ak yon fòmasyon nan Ar Marsyal.

Li fè remake tou tou ke vyolans seksyèl se yon gwo pwoblèm nan peyi Dayiti e tout òganizasyon k ap travay lòtbò a ta sipoze patisipe nan pwogram sa yo.

Li di : "nou vle bay fanm yo yon vwa, opòtinite pou yo grandi e tounen sa yo vle tounen an."

NB : Fanm ak jèn fi ki viktim anba abi seksyèl oswa zak vyolans kapab rele nan nimewo sa a 5-7-2 oubyen yo ka voye yon SMS nan 3170-2222.

XS
SM
MD
LG