Tout moun kwè manje ak moderasyon enpòtan pou moun ki vle pèdi pwa. Kwayans sa a ka pa totalman vre alèkile dapre yon etid dyetetik yo fè sou stil lavi plis pase 120 mil ameriken ki gen plis pase 20 tan. Chèchè yo fè konnen yon modifikasyon touzuit nan sistèm alimantè yon endividi kapab alontèm gen yon enpak sou ogmantasyon pwa.
Dapre etid la, an mwayèn, yon adilt pran, pou pi piti, yon liv chak ane e manje li manje se yon faktè enpòtan nan ogmantasyon pwa li. Doktè Dariush Mozaffarian, syantifik nan domèn Sante Piblik nan Inivèsite Havard ki te dirije etid la, fè konnen manje ki pi asosye ak ogmantasyon pwa se sitou manje ki gen amidon (ou fekilan, tankou pòmdetè) sou kèlkeswa fòm nan.
Pou kontwole pwa li (gwosè li), chèchè yo di li pi enpòtan pou yon moun byen manje olye pou li manje mwens; kalite manje a pi enpòtan olye kantite kalori yon kretyen vivan mte nan kò li chak jou..
Nouriti ki gen pou wè ak ogmantansyon pwa se vyann, sik, manje ki fèt ak farinn—menm ji ki gen 1 pou 100 sik kapab lakòz yon moun pran pwa, fè li gwosi. Etid sa a vin konfime sa dyetetisyen ak nutrisyonis yo konnen depi lontan.
Rezilta etid sa a depaman ak lòt etid tradisyonèl yo. Dapre etid sa yo, manje ki gen anpil kalori pa ogmante pwa menm lè nivo konsomasyon yo ta ogmante. Manje tankou yogout, fwi, legim. Etid la revele tou stil lavi ou mennen tankou aktivite fizik chak jou, egzèsis, dòmi jwe yon wòl enpòtan nan pwogram pou kontwòle pwa yo.
Etid la montre manje, pase anpil tan ap gade televizyon chak jou, pa dòmi ase kontribye alontè nan ogmantasyon pwa. Yon nòt pozitif, chèchè yo te sezi dekouvri moun ki manje yogurt, kèlke swa kantite grès li genyen,-gen chans pou l pèdi 1 liv chak 4 tran.