Accessibility links

Breaking News

Yon Epidemi Kolera Tiye 138 Moun Ann Ayiti


Prezidan ayisyen an, René Préval, fè konnen yon epidemi kolera nan peyi li a touye 138 moun pou pi piti e lakoz 1500 lòt ap soufri ak maladi a.

Mesye Préval pale konsa ak ajans nouvèl Reuters apre li te fin rankontre ak responsab sante yo nan gouvènman an.

Otorite yo fè konnen zòn nan pa t sibi gwo dega nan tranblemann tè 12 janvye a, men ke anpil nan sivivan yo te deplase pou al abite nan rejyon sa yo ki nan direksyoǹ nò pa rapò ak kapital la, Pòtoprens ki te ravaje.

Pifò moun ki malad yo al lopital nan vil Sen-Mak ki sou lakòt peyi a. Kantite moun ki vin chache swen yo depase kapasite sant medikal yo. Kèk malad oblije kouche sou dra nan paking sant yo.

Ekspè entènasyonal fè konnen se premye epidemi kolera ki frape Ayiti depi plizyè dizèn lane.

«Se yon bakteri ki bay kolera. Li pwopaje sitou nan dlo oubyen manje ki kontamine. Moun ki trape maladi ka gen fyèv, gwo dyare, ak vomisman. Maladi a ka trete byen fasil. Men san tretman li ka touye moun nan kèk èd-tan sèlman.»

Sekouris sante yo pa t sispann avèti ke move kondisyon sanitè nan kan yo nan Pòtoprens kote plizyè milye Ayisyen ki deplase ap viv jouk kounye a te ka debouche sou yon epidemi maladi. Sitiyasyon sa a atire atansyon ministè Sante Piblik nan peyi Dayiti.

Direktè ministè a, doktè Gabriel Thimothée, ki pale avek Lavwadlamerik, demanti enfòmasyon ki vle fè kwè se ta yon epidemi kolera. Sepandan, doktè-a di li plis kwè nan tèz « matyè fekal » zòt yo ta lage nan rivyè a.

Doktè Gabriel Thimothée ap reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Gabriel Thimothée

XS
SM
MD
LG