Minis afè etranjè chilyen an, Alfredo Moreno, rive isit Washington pou vènisaj yon ekspozisyon ki rakonte istwa 33 travayè min chilyen ki te pase plis ke 2 mwa anba tè.
Minis Moreno rankontre ak Sekretè Deta Hillary Clinton nan Depatman Deta kote 2 diyitè yo fè konnen kè kontan yo pou ekspozisyon sa a kap dewoule nan Enstitisyon Smithsonian.
Aprè rankont la, Misye Moreno di jounalis yo ekspozisyon sa a k ap kòmanse vandredi 5 out la -swa yon lane egzakteman aprè travayè min te bloke anba tè a-- se yon bon jan okazyon pou fè moun sonje sa k te pase a.