Accessibility links

Breaking News

Yon Ekspozisyon Ar Kontanporè nan Washington


Yon Ekspozisyon Ar Kontanporè nan Washington
Yon Ekspozisyon Ar Kontanporè nan Washington

Gen yon santèn lane depi ebenis tankou Eliot Feldman ap itilize blòk bwa pou fabrike founiti ak lòt objè nou jwenn anndan kay nou, pa egzanp chandelye ak bòl.

Yo itilize yon materyo espesyal pou yo bay bwa a fòm. Men sa pral gen 40 an depi ebenis sa yo kòmanse itilize bwa a yon fason pi sofistike, yo komanse kreye objè skilpte olye objè yo itilize nan aktivite kotidyen yo.

Aktyèlman, Renwick Gallery ki fè pati mize Smithsonian Washington, DC a gen yon ekspozisyon plis pase 60 pyès d'art an bwa pi gran atis k ap viv Ozetazini yo reyalize.

Se koleksyonè Fleur Bresler ak defen mari l, Charles ki bay mize a pyès ki nan ekspozisyon an. Bresler di lanmou li gen pou objè da ki fèt an bwa te tanmen nan menm gallery sa a kote li te vizite yon lòt ekspozisyon nan menm stil la.

Bressler kontinye pou l di gen yon chanjmanli obsève nan 20 dènye lane ki pase yo, chanjman kote atis yo kite tonbe "latte" ak kolaj.pou skilpti.

Bresler fini pa di li espere desizyon li pran pou l pataje koleksyon pa l la pral enspire yon nouvo jenerasyon atis ak koleksyonè.

XS
SM
MD
LG