Accessibility links

Breaking News

Yon Disidan Chinwa Jwenn Pri Nobèl Lapè a Pou Ane 2010 La


Yon Disidan Chinwa Jwenn Pri Nobèl Lapè a Pou Ane 2010 La
Yon Disidan Chinwa Jwenn Pri Nobèl Lapè a Pou Ane 2010 La

Disidan chinwa Liu Xiaobo, ki nan prizon, ranpòte Pri Nobèl Lapè a pou ane 2010 la kòm rekonesans pou « lit manch-long e san vyolans li mennen pou l defann respè dwa fondamantal yo nan Lachin. »

Dirijan politik, relijye ak defansè dwazimen tou patou atravè lemond, di yo byen kontan anons la paske, daprè yo, sa vin kore batay pou libète ak dwamoun.

Anpil nan lidè sa yo lans apèl bay gouvènman chiwna a pou mande l libere misye Liu. Komite Nobèl la ki baze nan vil Oslo, nan peyi La Nòvèj-- fè anons-la vandredi 8 septanm 2010.

Komite a fè konnen : « Sa gen tontan depi nou kwè genyen yon koneksyon ant dwa zimen ak lapè»

Madam Misye Liu fè arèt yon deklarasyon kote manmzèl di li konsidere pri a kom yon « veritab onè », e li mande kominote entènasyonal la fè presyon sou gouvènman chinwa a pou l libere mari li.

Liu Xiaobo te jwenn yon santans 11 zan prizon nan mwa desanm ane pase a poutèt otorite Lachin yo te lage sou do l akizasyon deske li t ap chofe tèt pèp la pou l leve kont pouvwa Leta.

Pandan gwoup defans dwa-moun toupatou a travè lemond ap bat bravo lakontantman poutèt Pri Nobvèl Lapè ane 2010 la al jwenn Liu Xiaobo, reyaksyon yo pa menm ditou nan Peken, kapital Lachin.

Ministè afè etranje chinwa a fè konnen distensyon sa a yo bay prizonye disidan an, pa kadre ditou-ditou ak prensip ki makònnen ak distenksyon an, e se menm yon blasfèm kont Pri Nobèl Lapè a.

Deklarasyon ofisyè la prezante Liu Xiaobo –ki genyen 54 tran-- kòm yon kriminèl ki vyole lalwa peyi a.

XS
SM
MD
LG