Nan Peken, kapital peyi Lachin, otorite yo ap chache solisyon pou yon pwoblèm anbouteyaj ki ekziste depi 14 out.
Dapre otorite yo, sa ki kreye pwoblèm nan se kamyon k ap transpòte machandiz e k ap sèvi ak twonson wout la ki an reparasyon. Otorite yo kontinye pou yo di rezon ki eksplike anbouteyaj la se ogmantasyon kantite machin sou otowout yo nan Lachin, yon peyi ki reprezante pi gwo mache pou lavant otomobil nan lemond.
Espesyalis yo konsidere sitiyasyon transpò a nan Peken menm jan ak sitiyasyon chofè ap konfwonte nan kapital federal Lèzetani an, Washington DC . Magazin ameriken Forbes klase Washington, DC, nan 2èm plas (apre Los Anjeles) pami vil amerikèn ki gen plis blokis ladan n.
Chif ekspè transpò ameriken pibliye yo montre an mwayèn chofè ameriken yo pase 36 zèdtan nan blokis chak ane. Nan ane 2009 la, blokis sa a te koute 87 milya dola nan gaspiyaj gazolin ak mank pwodiktivite nan travay.
Se pa tout moun ki pa kontan pwoblèm blokis ki poze nan Lachin nan.
Ajans nouvèl ofisyèl peyi a, Chin Nouvèl, fè konnen, menm si sa bay chofè yo gwo pwoblèm, moun k ap viv nan zòn kote blokis abitye rive yo, pwofite sitiyasyon an pou yo ogmante tèt nèg pri bagay y ap vann plizyè milye chofè ki bloke sou wout yo ; pwodi tankou manje ak boutèy dlo.
Otorite yo pa atann yo aske blokis la fini pa zavan travayè yo mete fen nan pwojè antretyen y ap reyalize a –yon pwojè k ap fini nan mitan mwa septanm nan.