Accessibility links

Breaking News

Yon Bato Kwazyè Chanje Direksyon Apre yon Jij Ameriken Pase Lod pou Sezi'l


Foto Achiv: Bato Kwazye Crystal Symphony.
Foto Achiv: Bato Kwazye Crystal Symphony.

Yon bato kwazyè ki gen plizyè santèn pasaje ladann oblije pran direksyon Bahamas apre yon jij Ameriken pase lòd pou sezi li, nan kad yon pwosè ki gen rapò ak yon fakti pou petwòl.

Pasaje yo te oblije pran yon bato pi piti pou al nan Fort Lauderdale Dimanch.

Crystal Symphony te sipoze jete lank Samdi nan Miami. Sepandan yon jij federal siyen yon manda d'arè pou bato a. Lè konsa, yon mareshal Ameriken monte abò bato a epi pran kontwòl li.

Crystal Symphony se youn nan bato liy kwazyè deliks Crystal Cruises. Moun ki swiv mouvnman bato sa yo di se souvan l'al jete lank tou pre zile ki rele Bimini a ki fè pati Bahamas.

XS
SM
MD
LG